Anplwayè ONA yo nan depatman Nòdwès la kanpe travay pou egzije yon avans sou salè yo.

125
0
Share:
TRiboLAND

12 – 12 – 2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Anplwaye ak anplwayè ONA yo nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè tanmen yon mouvman grèv pasifik ayè lendi 11 desanm 2023 a, nan lide pou egzije direksyon jeneral ONA sinye chèk avans sou salè yo.

Anplwayè ak Anplwaye ONA yo ki tap pale, fè konnen yo kanpe travay jiskaske direktris ONA a, Madam Magerithe B. Maresco, sinye tout chèk avans Pòdpè yo. Anplwayè yo fè konnen, depi anviwon 4 mwa yo te aplike pou direksyon jeneral sinye chèk avans sou salè yo, jis koulya yon bal pa pati.

Nan sans sa a, yo fè konnen yo gen pitit ak fanmiy pou yo okipe; menm jan lòt kote yo jwenn bon jan tretman, yo menm, yo gen dwa ak bon jan tretman egalman. Pwomèt yo pap manyen yon plim ak yon fèy papye san yo pa resevwa chèk yo, plizyè kliyan ki te vin chèche sèvis ONA, oblije kase tèt tounen, akòz mouvman grèv la k ap kontinye.

Share: