Pòdpè: Travay nan Wonpwen yo ap vanse: ouvwiye yo rete konfyan

100
0
Share:
TRiboLAND

12 – 12 – 2023

« N ap kontinye travay jiskaske travay la fini. Nou pa gen pou nou kanpe, paske fòk dlo ak labou ki toujou yon defi pou WONPWEN an sispann »

Se deklarasyon ouvriye k ap travay nan WONPWEN yo te fè nan kad yon vire won Jounalis Fadnet JEAN-BAPTISTE te fè sou plas, pou founi je gade kòman travay yo ap avanse!

Se yon travay ki te kòmanse finisman mwa novanm pou kòmansman mwa desanm nan! Kote WONPWEN an te kankou yon kivèt ki te toujou kenbe dlo ak labou. Jounen jodi a WONPWEN sa totalman plat tankou 2 pla men.

Fòk nou souliye, anpil moun nan vil la kontan pou pase men sa k ap fèt pou mitan WONPWEN an. Paske, selon yo, te gen twòp mizè pou timoun ki pral lekòl ak lòt kalite moun ki frekante wout sila!

N ap fè w konnen, selon enfòmasyon ki disponib, Direksyon Depatmantal TPTC ak Lameri ta dwe jwenn yon antant nan jou k ap vini yo, pou yo kontinye travay nan tèt kole konsa.

Li bon pou sinyale, vil Pòdpè rete youn nan vil ki pi sal atravè peyi Dayiti. Lè se pa labou, se pousyè. Lè se pa pousyè, se dlo ki plen kay tout moun yo!

Share: