Yonn nan pi gwo lejand foutbòl nan mond lan ak tout madanm li deside kreye pwòp biznis yo.

135
0
Share:
TRiboLAND


05 – 03 – 2024

Florid, Etazini____(TRiboLAND) Yonn nan pi gwo lejand nan zafè foutbòl nan mond lan, supèsta Lionel Messi nan tèt kole ak madanm li, Antonella Roccuzzo, deside lanse pwòp biznis yo kise yon izin fabrikasyon bwason.

Izin sa a ki konstwi sou yon kantite tèren an gran panpan, pral gen pou fabrike chak jou ki jou, yon latriye bwason idratant ak bwason enèjetik. Pwodwi a genyen pou li lanse sou mache a 24 jen 2024 pwochen.

Chita kò yo nan peyi Tonton Sam, pou okipe zafè pwodiksyon ak ravitayman nan peyi Etazini ak rès mond lan, lejand foutbòl la ak tout fanmiy li, deja ap prepare ti gran moun yo.

Share: