Jakmèl : Moun Metadò bay yon vòlè bèf bwa kale

144
0
Share:
TRiboLAND

05 – 12 – 2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Popilasyon nan lokalite Matador ki trouve-l nan premyè seksyon Kapwouj komin Jakmèl, touye epi mete dife sou Sony Dessources nan lannwit vandredi 10 pou leve samdi 11 me 2024 la. Daprè sa divès manm nan popilasyon an di, Sony Dessources fè pati yon asosyasyon ki pa vle kite zannimo moun nan kanton an.

Nan moman moun yo bay Sony Dessources bwa kale a, li te gen yon bèf nan men-l li sot vòlè. Se tout lasent jounen peyizan yo ap plenyen bay otorite lokal yo pou zannimo yo kap pèdi.

Fas ak kantite zannimo kap pèdi, manm nan popilasyon an oblije fè brigad ap veye vòlè sa yo kap dechèpiye yo. Zannimo yo se kanè bank nou, dapwè deklarasyon divès peyizan ki te sou plas.

Share: