Plizyè masak fèt aswè-a nan zònn kafou, pami yo genyen yon jounalis byen koni sou non Pétion Rospide alias “Douz”

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Apènn kèlke minit li fini emisyon-l, jounalis Radyo San Fen (RSF), Pétion Rospide krible anba bal bandi legal de fason lach aswè Lundi 10 Jwen 2019, selon sal redaksyon Loop Haiti-a.
Premye enfòmasyon yo ta fè konnen ke Douz tap pran dirèksyon Pòtay Leogann sou machinn li lòske plizyè nèg goril amé krible e atenn jounalis la ak yon bal nan tèt ki touswit apwè pèdi kontwòl machinn nan.
Pétion mouri apwè ke li te fin nap denonse konpòtman goril 2 ajan PNH ki tap lapide avèk wòch yon pò malere sitwayen ayisyen. Sèten rumè ta vle lye krim odieu sa-a an repons de pozisyon jounalis la ki tap defann yon koz nob.






