Majistra enterimè komin Gran-Gwav la, Jean René Jacob mande popilasyon an, rete tèt frèt, pa kouri kite kay yo pou bandi kriminèl yo

104
0
Share:
TRiboLAND

05 – 20 – 2024

Gran-Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Majistra enterimè meri Gran-Gwav la, Jean René Jacob alyas “Malachi”, nan yon entèvyou li akòde ak laprès jounen lendi 20 me 2024 la, mande popilasyon an, rete tèt frèt pa kite kay yo pou bandi kriminèl yo.

Ajan ekzekitif enterimè a, di sitwayèn ak sitwayen yo pou pa koute okèn moun kap di yo kite kay yo sou preteks bandi kriminèl Rasòl ak tout akolit li yo, ap vin anvayi vil la.

Toutfwa, majistra komin Gran Gwav la, Jean René Jacob, fè bandi yo konnen pa genyen okèn kote nan komin nan pou bandi malfwa vin fè tounen fwaye gang, pandan-l reklame soutyen bò kote popilasyon an pou akonpaye otorite yo pou bay yon repons ak bandi sangwen, kriminèl yo.

Share: