Selon Jean Francois aprè nou fin soti nan diktati bebi Dòk la, peyi a pa janm konnen yon chèf ki onèt.

05-28-2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Daprè refleksyon Jean Francois, yon sitwayen komin Senlwidinò, depi aprè diktati bebi Dòk la, peyi Dayiti pa janm konnen yon chèf deta ki onèt. Se sèl restavèk blan meriken ak boujwa kompladòl yap sèvi.
Prezidan Aristid fin fè erè kraze lame a, paske yo te ba li koudeta. Konsa, lè li rann kont se pi gwo krim li ta fè nasyon an, paske tout dirijan ki vin aprè yo enkapab pou fè fas ak gang ame yo. Jovnèl antre anba vant yo al vote kont Madouro, aprè l wè li te nan tèt jwèt li paske li vire kont malfwa yo.
Ebyen yo manje Jovenel Moise! Nou fenk komanse benyen nan san paske pa gen pyès nan yo ki gen pitye pou popilasyon ayisyèn nan. Lè nou jwenn yon chèf deta ki pa rete ak oken lòt moun, nap soti pi vit nan batay liberasyon an.
Yon lòtbò li denonse responsab yo nan meri Senlwidinò ki fèl peye yon plas nan Mache Rivyèba pandan 2 lane, aprè yo retire li nan men li pou vann ak gwo negosyan pou konstwi depo. Li fè konnen li pa fasil pou jwenn nèg ak fanm ki gen kolòn vètebral pou mennen bak peyi a; li pa dil difisil non pli, men li pa fasil paske nèg kap goumen yo pa ka kenbe grangou.






