Gwo zen pete kèlke tan aprè dezinyasyon nouvo premye Minis peyi Dayiti a.

05 – 29 – 2024
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon vokal k’ap sikile sou rezo sosyal yo, ansyen depite Antoine Rodon Bien-Aimé, ap esplike kouman yon gwoup moun sakaje prezidan konsèy prezidansyèl la, Edgard Leblanc pou sezi Arete ki dwe nome Gary Conille kòm nouvo premye Minis.
Moun ki fè presyon epi sakaje prezidan an pou sezi Arete a se: Renald Luberice, Claude Joseph, Vikerson Garnier, Sorel Yacinthe, Moïse Jean Charles, Fritz Augustin, Gérald Gilles ak Emmanuel Vertilaire.
Nan vokal kap sikile a, ansyen depite a fè konnen, nan moman l’ap pale la, yo pako konnen nan ki eta sante prezidan konsèy prezidansyèl la, Edgard Leblanc Fils ye.






