Lapolis nan Sidès mare yon gwo koure sangwen

113
0
Share:
TRiboLAND


05 – 29 – 2024

Sidès, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Sidès mare Cyprien Junior nan zòn Ansapit pandan li tap chèche chape kòl pou antre an Repiblik Dominikèn yè madi 28 me 2024 la.

Daprè fòs lòd yo nan Sidès, Cyprien Junior fè pati yon asosyasyon malfektè nan depatman an ki pa sispann fè zak malonèt lannwit tankou lajounen. Vòl, kabriyolaj, vyòl se pami akizasyon prezime asasen an gen sou do-l.

Cyprien Junior ke Lapolis nan Sidès tap chèche pou konnya trouve-l nan gadavi, an atandan Lajistis ba li sa-l merite.

Share: