Plizyè Avoka nan Bawo Pòdpè a denonse konpòtman Pakè a nan dosye koripsyon DINEPA

06 – 02 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Me Jean Eder Moreau ak Me Casimir Enold denonse konpòtman woule-m debò Pakè Pòdpè nan dosye koripsyon DINEPA Pòdpè a. Menm Pakè ki te bay lòd pou poze sele sou kay Kontab DINEPA a, Renaldo Herard ak Dieudonné Jean Robert ki se 2 veritab sispèk nan eskandal koripsyon ki fèt nan biwo a, voye leve sele a sou kay Kontab la.
Sa kap fèt nan aparèy jistis Pòdpè a plis sanble goch ke dwa daprè avoka yo. Daprè yo, Pakè pa elijib pou aji ankò paske yo te defere dosye a nan Kabinè denstriksyon. Alòske Direktè ak Administratris la ki se 2 moun ki te pot plent nan gadavi depi anviwon 10 jou, pandan bouwo yo nan lari, anplis Lajistis kontinye ap pwoteje yo.
Avoka yo kontinye pou di, se bagay popilis Sibtiti Komisè Alangue Valbrun ap regle paske li te gen tan swete kenbe moun yo nan prizon depi avan li tande yo. Avoka yo kontinye pou di, moun sa yo ta ka toujou nan prizon men se aprè odit fin fèt, lè yo ta dekouvri yo koupab. Se bagay politik SCG a kap regle yon fason pou moun yo kapab finalman pran yon prizon politik.
Avoka yo mande liberasyon Kelouse ki se administratris DINEPA paske kondisyon sante li vrèman pa nòmal; yo mande otorite yo mete moun ki kapab pou fè aparèy jistis la fonksyone nan Nòdwès san jwèt mètdam ak nyaj kòripsyon.






