Ansyen majistra eli komin Tigwav la, di li gen gwo tèt chaje fas ak sitiyasyon ensekirite bandi sangwen kriminèl yo

109
0
Share:
TRiboLAND

06 – 08 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra eli prensipal komin Tigwav la, Jean Samson Limongy, nan yon interview li akòde ak laprès jounen vandredi 07 jen 2024 la, nan lakou tribinal sivil la, deklare li genyen gwo tèt chaje fas ak fenomèn ensekirite bandi, sangwen, kriminèl yo mete nan peyi Dayiti.

Pou Jean Samson Limongy, peyi pa genyen bandi, li kwè Ayiti genyen gwoup paramilitè kap fonksyone, li fè konnen, yon vrè bandi pa tap plede pale nan Radyo, ni sou rezo sosyo, ni di yo kidnape moun, ni di nan ki zòn yo abite, li estime se paske leta ayisyen nan konivans ak gang yo, ki lakoz, yo pa kapab trake yo, paske daprè li, bandi yo idantifye yo epi yo bay zòn yo abite.

Ansyen majistra prensipal komin Tigwav la, Jean Samson Limongy deklare nouvo premye minis ayisyen Gary Conille pati sou yon bòn pant lè li pase enstriksyon ak polis nasyonal la, pou komanse mennen yon seri operasyon an atandan rive fòs miltinasyonal la nan peyi Dayiti.

Share: