2 moun mouri, 10 lòt enfekte ak maladi chabon nan premyè seksyon kominal Tigwav, lokalite Fòwayal.

114
0
Share:
TRiboLAND


07 – 11 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 2 moun mouri, plis pase yon 10 lòt enfekte san konte plizyè bèf, kabrit ak kochon ki mouri, se bilan dega yon maladi chabon fè nan zònn Vyalè premyè seksyon kominal Tigwav, lokalite Fòwayal. Sa se enfo kòdonatè kazèk zòn nan, Rilnord Délicieux konfime, nan kad yon konferans pou lapwès aprèmidi jedi 11 jen 2024 la.

Pou kazèk Rilnord Délicieux, abitan yo tonbe viktim, se swit ak yon bèf ki te mouri nan zòn nan, peyizan yo manje vyann nan, sa lakoz genyen pou pipiti 2 moun ki pèdi lavi yo, plis pase 10 lòt enfekte, san konte divès tèt bèf, kabrit ak kochon ki mouri ak tèt anfle.

Nan sans sa a, prezidan asanble premyè seksyon kominal Tigwav Vyalè a, Délicieux Rilnord, mande entèvansyon otorite lokal ak santral yo prese-prese, pou vini fè yon prelèvman. Konsa, sa ap fasilite ke yo rive detèmine ki sa ki lakoz peyizan ap viktim konsa nan lokalite Fòwayal Tigwav, pandan l mande ministè agrikilti pou voye teknisyen veterinè akonpaye bèt peyizan yo ki sèl espwa yo.

Share: