Sektè Dyaspora menase kanpe sou zafè voye $ 1.50 lan nan peyi Dayiti.

117
0
Share:
TRiboLAND


06 – 16 – 2024


Wachennton, Etazini___(TRiboLAND) Sektè dyapora a menase kanpe sou zafè voye $ 1.50 lan nan peyi Dayiti akòz twòp kòripsyon.

Dyaspora yo ki deklare, yo te dakò pou leta pran $1.50 lan, se pou te kapab amelyore soufrans popilasyon ayisyènn nan, nan divès domèn pami yo, edikasyon, santé, wout, ensekirite elatriye.., sepandan yo konstate aprè 10 lane, yap retire $1.50 lan, sitiyasyon pou leta a bay popilasyon an sèvis vin pi konplike, daprè sa yo esplike, pa genyen edikasyon, anseyan yo, se chak 3 mwa yo touche yon mwa, pa genyen sante, pa genyen wout, pa genyen kouran, rate gaz, ensekirite, lavi chè, grangou elatriye..se sèl kòk chante nan sosyete a ki plonje ragagann nan kòripsyon.

Toutfwa, dyaspora yo mande pou yo tout fè yon chenn solidarite pou kanpe sou zafè voye lajan bay fanmi yo, nan peyi Dayiti jouk kaske asasen, kriminèl yo retire $ 1.50 lan, yo estime kap gagote aloske pèp la toujou kontinye ap benyen nan kras, nan mizè tout kalite.

Share: