Lapolis nan depatman Grandans peyi Dayiti fouke yon jenn fanm ki fè pati gang Vilaj Dedye.

123
0
Share:
TRiboLAND


06 – 17 – 2024

Jeremi, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Grandans peyi Dayiti, patikilyèman nan vil Jeremi mare kou krab, yon jenn fanm ki pote non, Kettia Sanon, alyas Tracy, kòm kwa li ta fè pati manm gang Vilaj Dedye.

Dapwè enfòmasyon Lapolis la rann piblik sou kont ofisyèl yo jounen lendi 17 jen 2024 la, Kettia Sanon alyas Tracy akize kòm moun ki se boubout Manno ki se yon chèf gang nan Vilaj Dedye.

Lapolis la ale pi lwen pou fè kwè, nan moman yo t’ap entèwoje manman baz, madam Manno, li ta deklare ke li konn rantre nan Vilaj la, men se zafè komès li te konn al regle.

Nan moman n’ap pale la, Kettia Sanon alyas Tracy, anba kòd nan seksyon SDPJ Grandans, annatandan pou swit nesesè ou legal yo.

Share: