Otorite sanitè yo fè silans sou yon epidemi k’ap taye banda nan mitan popilasyon an depi anviwon 2 mwa nan depatman Nòdwès la.

06 – 17 – 2024
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Popilasyon nan depatman Nòdwès la pa sispann plenyen doulè yo depi anviwon 2 mwa akòz yon epidemi k’ap sakaje yo depi anviwon 2 mwa.
Konsa nan kad yon mikwo twotwa korespondan TRiboLAND yo rive reyalize nan depatman Nòdwès la, majorite manm nan popilasyon an ki te nan soufrans yo deklare se lanm ke yo ap pran anba gwo fyèv, rim, grip, ak divès lòt maladi.
Poze kesyon pou konnen, si otorite sanitè Nòdwès yo pafè anyen pou soulaje yo, majorite nan yo reponn Leta pa egiste nan depatman an, se ak fèy te y’ap fè bwas jan yo konnen pou kwape maladi a ke yo di, ki se yon epidemi.
Nap raple, anpil kote ki genyen yon seri ti bwat klinik medikal atravè depatman an pa fonksyonèl akoz resous ak karans pèsonèl. Se yon seri lokalite kèk ansyen senatè ak depite Nodwès te koutize e tronpe yo nan fo pwomès elektoral; e finalman fè kòb sou tèt peyizan sa yo atravè vòl, kòripsyon, blanchiman lajan, aktivite gang e pwojè bidon.






