Lapolis nan komisarya Santral Senmak mare kou krab prezime chèf gang Timonèt la, Julio ensikoni.

101
0
Share:
TRiboLAND


06 – 17 – 2024

Senmak, Ayiti _____(TRiboLAND) Lapolis nan Komisarya Santral Senmak mare tankou krab prezime chèf gang Timonèt la ki se Julio ensikoni nan fyèf li, nan 5èm seksyon Senmak jodi lendi 17 jen 2024 la.

Selon komisè polis Senmak la, Jude Jean Chéry, prezime bandi, chèf gang Timonèt la, Julio ensikoni tap opere sou plizyè komin tankou, Senmak, Grand Saline, Lyankou, Lachapèl ak Vèrèt.

Toutfwa, prezime bandi, kriminèl, sangwen an, Julio te espesyalize nan vòlè bèt malere yo, detounen kamyon machandiz ak asasina, daprè presizyon komisè polis Senmak la, Jude Jean Chéry.

Share: