Fòs Rezistans Sen Michèl Latalay pran inityativ pou repare komisarya kominal la aprè dram 8 jen pase a.

06 – 18 – 2024
Sen Michèl Latalay, Ayiti____(TRiboLAND) Fòs Rezistans Sen Michèl Latalay se yon gwoup jenn gason ak fanm ki deside kole tèt yo ansanm pou bay yon bourad ak kominote lakay yo, sitou nan zafè sosyal.
Aprè pèp la te fin deside kraze komisarya pou te pran yonn nan endividi ki te komèt zak fiziyad nan dat 8 jen pase a, finalman Fòs Rezistans Sen Michèl Latalay deside pran inityativ pou repare komisarya a, jounen madi 18 jen 2024 la.
Dapwè enfòmasyon jounalis Jean Wismann rapòte, komisarya a ki te kraze a te reprezante yon gwo andikap pou fonksyonman tribinal la ki pat ka fonksyone depi anviwon 10 jou.






