Òganizasyon kretyèn “Food For The Poor” remèt plizyè milye pòchèt san bay responsab pwogram Nasyonal Sekirite Transfisyonèl yo

06 – 18 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon seremoni jounen madi 18 jen 2024 la, òganizasyon kretyèn Food For The Poor, remèt 9 mil 420 pòchèt san bay responsab pwogram Nasyonal sekirite transfisyonèl (PNST), yon antite nan ministè sante piblik ak popilasyon.
Yon ti gout san kapab sove yon vi, popilasyon Ayisyèn lan ap fè fas ak gwo pwoblèm san, sitou avèk vyolans gang yo nan peyia, sa vin lakoz gen plis nesesite chak jou ki jou pou moun jwenn san. Se avèk anpil plezi nou remèt kantite pòchèt san yo, daprè responsab Food For The Poor yo.
Yon lòt bò Dr Ernst Noël ki se Direktè PNST remèsye Food For The Poor pou yon parèy don; se yon bezwen ki te vrèman nesesè nan yon moman ki kritik. Kantite pòchèt san sa yo pral pèmèt yo alimante 15 pòs transfizyon yo genyen atravè peyia.






