Carlin Estima alyas Mèt Kòk denonse enspektè Jean Souffrant kòm nèg kap manje kouraj jèn yo nan depatman an.

06 – 19 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen mekredi 19 jen 2024 la, Carlin Estima alyas Mèt Kòk denonse enspektè Jean Souffrant kòm moun kap mal itilize kouraj jèn yo nan depatman Nòdwès la espesyalman nan komin Senlwidinò.

Selon Mèt Kòk, enspektè Souffrant ap ofri jèn yo travay sekretè enfòmatisyen, alòske li pap peye yo. Mèt Kòk fè konnen li gen plizyè mwa lap travay kòm sekretè pou enspetè a, kou lè rive pou l touche, li pete kòken e deside voye’l ale pou ranplase’l ak yon lòt moun .
Mèt Kòk mande tout jèn nan depatman Nòdwès la rete veyatif ak sitwayen sa kap travay pou detwi tijèn yo. Yon lòt bò li fè konnen se metye l te aprann pou l pat chwazi kenbe zam nan sosyete a, se pou enspektè a peye l lajan kouraj li.






