Konbit Sitwayen Konsène mande KPT a ak gouvènman an pou yo priyorize agrikilti

100
0
Share:
TRiboLAND


06 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou Laprès Konbit Sitwayen Konsène (KOSIKO) bay jounen mèkredi 19 jen 2024 la, li fè remake ke loksidan ak tout gwo pati politik yo, mete ansanm pou mete yon konsèy Prezidansyèl ak yon Premye Minis san konsantman peyizan ki se kolònn vètebral peyia. Malgre tou, yo swete KPT a, ak tout gouvènman priyorize agrikilti ak valorize pwodwi peyizan yo.

KOSIKO felisite PM Gary Conille pou vizit li rann anba lavil pou konstate dega yo; men yap atire atansyon PM lan se pa sa yo ki ensekirite a, men pito rezilta ensekirite. Ensekirite a pou peyizan yo se: lajan petwo karibe a, lajan fon nasyonal Edikasyon an, lajan CIRH ak tout lòt lajan ki fè wout krochi pandan se lajan ki te pou devlope peyia. Si PM lan vin konbat koripsyon tout bon, Konbit Sitwayen Konsène ta byen renmen li voye je gade deriv ki fèt nan gagote lajan Leta.

KOSIKO pwopoze PM lan 3 bagay: 1) lansman yon kanpay sou konsèvasyon sòl ak trete ravin yo yon fason pou kreye travay nan milye peyizan yo; 2) kòm grangou a pa ka tann ankò, yo swete yo kite nan plas yo yon seri moun ki nan agrikilti ak anviwonnman ki grenn senk kap pèmèt yo ale pi vit; 3) KOSIKO ofwi tèt li bay gouvènman an nan tout aktivite kap fèt sou fòm konbit, yo sèlman bezwen ankadreman pou bay peyia manje.

Isaac Wilfrid ki se pòt pawòl KOSIKO anonse nan yon ti tan ap gen yon gwo kanal politik kap lanse yon fwa pou tout pou blan sispann chwazi pou nou, men tou pou peyizan yo pran plas yo nan peyia.

Share: