Etidyan nan fakilte medsin yo lanse plizyè jou depistaj nan kòl iteris gratis

06-19-2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Etidyan yo nan fakilte medsin lanse plizyè jou depistaj soti 21 pou rive 23 jen 2024 la; aktivite yo ap chita plis sou depistaj gratis nan “kòl iteris” nan Lopital Omnidas ki trouve-l nan Petyonvil. Inisyativ sa pran nan batay kont kansè nan “tete” ak nan “kòl iteris” ki toujou ap ravaje medam yo san yo pa konnen.
Gras ak sipò divès patnè, etidyan yo ap ede moun yo jwenn medikaman gratis. Konsiltasyon yo ap tanmen apati 8è nan maten pou rive 3è nan aprè midi.
Chak ane, etidyan fakilte medsin yo inisye yon seri aktivite ki antre nan kad misyon inivèsitè yo ki se rann kominote a sèvis. Tès depistaj sa yo pral ede moun yo konnen pi byen ki jan yo ye, ak ede moun yo nan fòmasyon kap pèmèt yo fè prevansyon.






