Fondasyon TriboLAND òganize 2 jounen fòmasyon gratis sou afloral ak kouwòn nan komin Senlwidinò.

06 – 25 – 2024
Senlwidinò, Ayiti____( TRiboLAND) Nan objektif pou ede jèn fi ak jèn gason nan peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND òganize yon seyans fòmasyon gratis pandan 2 jounen nan legliz Dedye Bon Bèje, 3èm seksyon Rivyèba nan Figye nan komin Senlwidinò.
Plis pase 70 jèn aprann fè afloral ak kouwòn nan seksyon an; yon aktivite ki antre nan kad ede jèn sa yo fè fas ak move sitiyasyon lavi a, epi ede yo fè fas ak delenkans jivenil lan. Paran ak jèn sa yo konplimante ekip Fondasyon Triboland lan pou bon jan travay yap fè atravè peyi Dayiti.

Fòn raple w, nan Figye se yon site ki lage pou kont li, se yon blan pedofil ki soti nan peyi Etazini sou non Gèri, ki enfliyanse jèn yo nan jwèt sisinaj pandan lap vann pati kò timoun yo sou tout rezo sosyo. Pou rekonpans li souvan ba yo yon telefòn ak yon tablet elektronik. Yon sitiyasyon ki mete jèn sa yo nan yon eta dezagreyab, san yo pa konprann sa kap fèt la.
Nan Figye, se yon site ki fonde ak tout moun bandi sanfwa ni lwa te mete deyò lakay yo, ki lage san sekou nan lari. Yo pa gen lekòl, gen 2 legliz Dedye sèlman ki apèn fonde nan katye a, men ki pa gen kapasite pou konbat tout move zak jèn yo ap sibi nan kominote a.
Paran yo ap mande tout sosyete ayisyèn nan ak lòt peyi zanmi Ayiti, ede yo sove jèn sa yo kap sibi yon vyolans seksyèl ak fizik nan komin Senlwidinò.






