Premye minis ayisyen an Dr Garry Conille chita pale ak ajan egzekitif enterimè nan 8 komin depatman Lwès peyi Dayiti.

06 – 25 – 2024
Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Premye minis ayisyen an kontinye ap pran ti chèz ba li devan pòt divès enstitisyon nan kapital la.
Jounen madi 25 jen 2024 la, nan prezans divès manm nan Primati a, Dr Garry Conille chita pale ak plizyè ajan egzekitif enterimè nan anviwon 8 komin nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Dapwè Enfòmasyon ki rive jwenn nou sou sa ki t’ap diskite nan kad rankont si la, premye minis ayisyen an te abòde anpil kesyon enpòtan nan sa ki gemyen pou wè avèk asenisman nan komin yo konsènan fatra k’ap taye banda, pwoblèm ensekirite ak kèk pwogram pou bay moun travay prese, prese pou apeze klowòks la kap vale teren.
Premye minis ayisyen an, Dr Garry Conille, dapwè sa li rakonte nan kad rankont ak ajan egzekitif enterimè yo, ta fè kwè ke li pap fè bak malgre defi yo vrèman majè. Li reyitere detèminasyon li nan kad travay pou goumen kont ensekirite a.






