Ajan UDMO yo nan 2e vil peyi Dayiti fouke yon gwo koure prezime vòlò zam.

108
0
Share:
TRiboLAND


07 – 07 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti branch Nò mare kou krab, Aliette James alyas Ti Pastè nan zòn Odikap, nan dat samdi 06 jiyè 2024 la pou tèt li ta vòlò plizyè zam.

Dapwè enfòmasyon SDPJ Nò founi bay sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, Ti Pastè te pran prizon Fondènèg pou tèt li te vòlò yon zam kalib 12 e dapwè sa yo di, Lapolis t’ap chèche li pou tèt li ta vòlò yon lòt zam kalib 9mm.

Nan moman n’ap pale la, jenn gason 22 lane sa ki ta sanble renmen zam anpil, mare kou krab nan lakou komisarya Kap-Ayisyen pandan l’ap rete tann kichòy ki pare pou li. ‎

Share: