Dezyèm faz travay pou kire kanal yo lanse nan komin Taba

110
0
Share:

07 – 05 – 2024

Taba, Ayiti _____(TRiboLAND) Travay pou netwaye kanal yo lanse nan komin Taba. Dezyèm faz sila gen anviwon 400 moun ki anwole e ki pral genyen woulman tchotcho nan men yo chak 10 jou. Objektif dezyèm faz kiraj kanal yo nan komin nan, se pèmèt tout kanal yo netwaye yon fason pou fasilite dlo yo koule.

Travay sa jwenn finansman OIM, responsab Mèri Taba yo mande moun nan popilasyon an kolabore yon fason pou lage koukouwouj dèyè fatra. Lamèri ap kreye divès mwayen pou ranmase fatra yo, moun yo tou dwe sispann jete fatra nenpòt kote.

Responsab Mèri Taba pwofite mande MTPTC pran responsablite li nan gran aks yo, Mèri a gen anpil volonte men travo piblik dwe jwe patisyon pa yo egalman.

Share: