Responsab òganizasyon kominotè pou devlopman riral pwopoze gouvènman yon pwojè pou prepare jèn lidè pou bonè peyia

07 – 11 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab Òganizasyon Kominotè pou Devlopman Riral (OCODER) pwopoze manm gouvènman yo yon pwojè 2025 – 2050 ki chita sou fòmasyon anviwon 500 mil jenn fanm ak gason pou bonè peyia.
Prepare jèn sa yo gen yon enpòtans total kapital; y’ap kapab vin lidè responsab, fòmasyon jèn sa yo ap kòmanse nan laj 13 pou rive 45 lane. Nou pa kapab gen lapè nan peyia, si nou pa panse sou fòmasyon jèn yo ak mete kichòy nan men yo pou evite yo tonbe nan movèz afè, daprè responsab OCODER yo.
Pou dirije Ayiti, fò-w renmen-l. Se bon jan fòmasyon kap makònen ayisyen ak Ayiti; kote peyia rive la, lè nap pale de lidè responsab dwe gen yon batay konsa ki fèt. Sa ap ede nou konbat delenkans jivenil, vyolans, lamizè, tout sa yo antre nan kad pwopozisyon responsab OCODER yo fè.







