Yon sen tonbe nan lakou yon ougan ki rele Tijer nan zòn Bèje 5èm seksyon nan komin Senlwidinò.

07 – 11 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon sen ki rele “Saint Filomène” tonbe nan lakou kay yon ougan ki rele Tiger nan zòn Bèje, 5èm seksyon komin Senlwidinò.
Selon kèk temwen, te gen yon van ki tap soufle byen fò epi yon ti lapli tou piti vin ap tonbe, san zatann yo wè yon sen ki desann sot nan syèl la tonbe nan “badji” kote Tiger te konn limen balèn li.
Selon Tiger, sen an rele Filomène, moun kap vin adore li, ap mete 100 goud nan plas kote yo jwenn sen an epi 50 goud kote li fè yon pè savann enstale sen an anndan yon kay nan peristil li.
Se yon mirak anpil moun ap chèche konprann men ki toujou chaje ak nyàj kontwadiksyon.