Premye Minis Garry Conille fè deklarasyon patwimwàn li, jan la lwa mande sa

07 – 12 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Premye Minis Garry Conille fè deklarasyon patwimwàn li jounen vandredi 12 jiyè 2024 la, yon aksyon ki kapab konsidere kòm egzanp daprè chèf gouvènman.
Premye Minis lan kontinye pou’l di : Mwen vle avèk aksyon sa bay tout wo fonksyonè kap jere byen ak lajan Leta a yon bon egzanp. Mwen pran angajman sa nan non pam, ak nan non gouvènman pou travay nan transparans daprè akò 03 avril.
PM Garry Conille fini pou’l di, li bay tout konpatriyòt garanti tout desizyon gouvènman ap pran nan bon jan transparans.






