Charles Naïson mande pou Ayiti adopte yon lòt modèl demokrasi.

Ayiti ta dwe adopte yon modèl demokrasi Fonksyonèl, se deklarasyon ansyen jèn elèv Lise Tètilyen Gilbo a.
04-17-23
Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Ayiti ta dwe adopte yon modèl demokrasi fonksyonèl, ki chita sou enstitisyon ki fò, nan yon kantite konnsansis sosyal kap rann peyi a gouvènab pou tout tan.
Pou Charles Naïson, modèl demokrasi sila pata dwe limite ak zafè eleksyon de grenn gòj, ki chaje ak pwoblèm transparans ak ekilib; men yon veritab demokrasi fonksyonèl ki fondé sou chwa ak ranplasman gouvèman ak eleksyon lib, ekitab, patisipasyon sitwayen yo tout bon vre nan lavi politik piblik ak sivil peyi a.
Nan modèl demokrasi fonksyonèl la, dwa tout moun dwe pwoteje. Yon modèl ki dwe pran imaj Leta de dwa, kote lalwa ak pwosedi yo dwe aplike pou tout sitwayen. Yon demokrasi ki rann posib jistis sosyal, kote tout moun dwe jwenn manje pou yo manje, kreye lekòl gratis, jwenn aksè ak laswenyay epi sekirite sosyal ki dwe sèvi kòm yon baz pwoteksyon pou tout sitwayen.
Charles kontinye pou l di, modèl sila dwe sèvi kòm baz egalite reyèl devan lalwa epi ki sèvi pon pou lite kont inegalite sosyal, politik ak ekonomi. Sèvi kòm modèl pou favorize lib entrepriz nan respekte lalwa ak nan pwoteksyon reyèl dwa pwopriyete. Konsa, nap ka sèvi ak li, kòm yon materyo poun Konstui Peyi nou reve a.
Ann konstwi yon lòt systèm, bati yon lòt nayson, reyalize yon lòt Ayiti, egzije yon vizyon, paske se moun ki fè peyi, se pa peyi ki fè moun!






