Fondasyon Maurice Sixto klotire pwojè “Yon fanm ak metye pou demen miyò”

07 – 15 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon Maurice Sixto klotire jounen lendi 15 jiyè 2024 la, pwojè ” Yon fanm ak metye pou demen miyò”. Anndan fòmasyon sila, yo montre divès fanm nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan kijan pou yo fabwike valiz ak plizyè lòt bagay ankò ak sachè dlo.
Yon pwojè fondasyon an te lanse pou lage koukouwouj dèyè matyè sa yo ki koz anpil pwoblèm nan peyia, fatra tout kote, bouche tou ego, san konte patisipasyon fondasyon an nan sa kap fèt nan peyia pou rebati-l. Se fason fondasyon an chwazi pou bay kontribisyon pa-l nan rekonstriksyon peyia, daprè responsab fondasyon an ki esprime yon santiman satisfaksyon; genyen divès jenerasyon ki pèdi, men nou dwe travay pou sove divès lòt ankò, daprè responsab yo.
Responsab yo kontinye pou di, Leta dwe kore jèn yo ki se yon mwayen ki kapab konbat delenkans jivenil. Plizyè jèn ki te patisipe nan fòmasyon an kontan gade kijan yon seri bagay ki gen gwo enpak negatif sou sosye a, kapab transfòme an bon jan ekipman ke moun kapab sèvi.