Mityèl solidarite, se yon zouti abitan yo itilize pou chanje kondisyon lavi ekonomik moun nan komin Tigwav.

07 — 15 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Mityèl solidarite, se yon zouti enpòtan ki kapab chanje lavi abitan yo, timachann epi montre yo koman pou yo ekonomize lajan yo, Selon sitwayen Charles Toussaint kap fòme moun nan kesyon an, nan kad yon interview li akòde ak repòtè TRiboLAND lendi 15 jiyè 2024 la.
Fòmatè Charles Toussaint fè konnen genyen anviwon 200 rezo mityèl soliarite kap byen mache nan komin Tigwav, genyen rezo mityèl ki soti de 50 pou rive 200 manm.
Dapwè mesye Toussaint genyen anpil nan mityèl yo ki genyen yon kapital yo ki soti 500 mil pou rive 8 milyon goud, e yo prete manm yo ak yon enterè de 1 a 2% chak mwa.
Toutfwa, Charles Toussaint deklare, se gras ak mityèl solidarite ki tabli kò li depi 5 lane nan komin Tigwav ki pèmèt lavi sitwayèn yo, sitwayen yo, timachann yo, kòmanse chanje. Selon li, nan tan avan yo se nan bank ak biwo kredi yo, timachann te konn al prete lajan ak gwo enterè.






