Plizyè moun blese grav nan yon aksidan machinn nan Sodo

07 – 15 – 2024
Sodo, Ayiti____(TRiboLAND) Yon kamyon ki te pote yon latriye pasajè pèlerin ki t’ap sòti nan zòn Tomasik, toupre Bogbanik yè dimanch swa 14 jiyè 2024 la, chavire nan moman li t’ap antre nan vil Sodo.
Majorite viktim blese yo, te fè pati yon group pèlerin ki te genyen nan tèt li yon manbo ki pote non Yolette Marthé. Koz aksidan an jiska prezan, rete enkoni; sepandnan enfòmasyon yo vle fè kwè pa genyen moun ki mouri, men ka moun ki blese yo grav anpil.






