Dezyèm gwoup polisye kenyan yo debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens.
07 – 16 – 2024
Pòtoprens Ayiti ___(TRiboLAND) Dezyèm gwoup polisye kenyan yo debake nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, nan Pòtoprèns jodi madi 16 jiyè 2024 la.
Se Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, mesye Normil Rameau ak ofisye ki nan tèt premye twoup polisye yo, ki te ale resevwa 2èm kontejan sòlda kenyan yo.
Anviwon 200 polisye kenyan ame jous nan dan, ofisyèlman rantre nan peyi a, pou patisipe nan misyon miltinasyonal la pou pote soutyen bay fòs sekirite ayisyèn yo nan gad konbat gang sangwen sal yo ki fin kraze peyi a.
Nap raple, se nan dat 25 jen 2024 pase a, otorite ayisyèn yo te resevwa yon premye kontejan 200 polisye kenyan, dapwè deklrasyon premye minis defakto Garry Conille, se gradyèlman sòlda kenyan yo ap rive nan peyi Dayiti.