Yon mès aksyon degras chante nan pawas Glasi Kouwo,nan okazyon fèt Notre Dame du Mont Carmel.

167
0
Share:
TRiboLAND


07 – 16 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Mont Carmel nan pawas Glasi Kouwo, 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò, yon mès aksyon degras selebre jounen madi 16 jiyè 2024 la .

Yon aktivite ki te selebre nan prezans diferan otorite nan depatman an, nan komin nan ak 19 pè ki soti nan diferan pawas nan depatman Nòdwès la, san konte 2 dyak ak polis minisipal ak ajan BSAP yo nan komin nan.

Reveran pè Digué Guitembert nan predikasyon li, envite fidèl katolik yo pou imite Notre Dame Mont Carmel pou lavi yo kapab chanje . Yon lòt bò li preche lanmou, lacharite ak lajistis nan mitan sosyete ayisyèn nan.

Nan sikonstans lan, peleren te soti nan tout kote nan depatman Nòdwès la pou vin lapriyè Sen patwòn yo, Notre Dame Mont Carmel nan sousi pwoblèm yo ap rezoud pou mirak kapab fèt nan lavi yo.

Share: