Fondasyon Zanmi Timoun nan Beladè òganize yon jounen fòmasyon otè yo sou pwoteksyon timoun

07 – 16 – 2024
Beladè, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon Zanmi Timoun nan komin Beladè òganize jounen lendi 15 jiyè 2024 la, yon jounen fòmasyon pou sansiblize lidè kominotè yo sou nesesite pou pwoteje timoun yo.
Pwoteje timoun yo se plis yon nesesite, sitou nan moman ijans yo. Fòmasyon sa te chita sou ranfòsman sistèm pwoteksyon avèk lidè kominotè yo nan sit ofisyèlman yo.

Fondasyon Zanmi Timoun ap bay sèvis nan peyia depi anviwon 23 lane, nan komin Beladè yo gen 10 lane depi yap travay nan zafè pwoteksyon ak pwomouvwa respè dwa timoun yo nan kominote a, daprè deklarasyon Bernard Félix ki se youn nan manm fondasyon an.
Divès moun ki te prezan renouvle angajman yo nan zafè pwoteje timoun yo, yo pwofite mande Leta pran responsablite-l atravè enstitisyon ki egziste pou sa, yon mwayen pou yo kapab bay bourat nan konbat delenkans jivenil.