Sa fè 12 wikenn depi ke fòs lòd ak manifestan jilè jònn yo ap frape kònn yo nan peyi Lafrans

PARIS–(Triboland) Gwo lèse frape ant Fòs lòd yo ak aktivis jilè jònn yo te frape kònn yo pou yon lòt fwa ankò nan Pari, kapital Lafrans jounnen jodi Sàmdi a. Sa fè apeprè 12 wikenn depi ke pèp souveren ap mande prezidan Emmanuel Macron pou l graze yon kite sa.
Gaz lakrymojènn melanje ak lansman bal sispèk an kawoutchou, baton gayak san konte ponp repousaj idrolik pat sispann fè laterè e soulve kòlè manifestan yo ki fwa sa a tap proteste kont aksyon sovaj polisye yo sou yon sipòtè jilè jonn, Jerome Rodrigues,40 lane ke fòs lòd yo te avègle ak gaz wikenn pase a. Antouka, protestasyon sanpran souf sa yo gentan lakòz plis pase 1,900 moun ta blese depi mwa Novann ane denye a. Selon Ministè Enteryè, genyen plis pase 80,000 ajan fòs lòd ki deplwaye, pami yo genyen 5,000 pou capital la sèlman.
Pèp souveren nan peyi Lafrans te achte yon fwa ankò beton capital la, Pari lajan kontan. “Nou detèmine se pou li rale kòl sou pouvwa a, men nou vle tou pou lapolis sispann blese nou ak zam peta”, se deklarasyon Jacques Caron, 33 lane, yon manifestan jilè jònn ki te an kòlè sou plas LaBastille.
Triboland Staff Writer






