Pòdpè: Anpil reyaksyon tonbe aprè diskou Jovenel Moise la

02-15-2019
Pódepè__ Triboland) Aprè diskou chef leta mesye Jovenel Moise, anpil reyaksyon komanse anrejistre nan mitan divès entèlektwèl Metwopól Nódwes la. Pou ansyen batonye lód avoka yo nan pódepè Me Fresnel Jean: “vwa pep se vwa Bondye”.
Menm pep ki te ba w pouvwa se menm pèp saa ki envesti lari a pandan 7 jou san manje e ki mande w kite pouvwa a. Savle di prezidan Jovenel Moise pa gen dót chwa ki se remet pouvwa a pandan l rapousib pou l di : Prezidan Jovenel Moise konte sou kominote Entènasyonal!
Me Fresnel Jean fè prezidan an konnen enstans sa yo pa konn gen zanmi e se yo menm menm kap mande demen pou aplike jijman kont ou (prezidan Norriega se youn pami plizyè egzanp). Me Fresnel Jean konseye Jovenel Moise pou l tande kri popilasyon Ayisyèn an.
Ki donk, fok prezidan an pa bliye: li se yon sèvitè leta; pèp la di l pa bezwen sèvis ou ankó. Ou pa gen dot chwa se bay talon w blanch selon ansyen delege depatmantal Nodwes nan lanne 1990 yo.
Triboland.com






