Liberya: Arestasyon Charles Sirleaf, pitit ansyen prezidan fanm peyi Liberya-a, Ellen Johnson Sirleaf

189
0
Share:

03-02-2019

LIBERYA__(Triboland) Charles Sirleaf, kite yonn nan responsab yo ki tap dirije Bank Santral e pitit ansyen prezidan fanm peyi Liberya, Ellen Johnson Sirleaf jwenn arestasyon li ayè Jedi swa nan Monrovya, nan kad yon skandal de yon seri magogo lajan ki ta disparèt nan Bank Santral Liberya.

Gwokoze! Moun ki pat wè klè nan gwo skandal sa kite frape Bank Santral Liberya nan mwa Sèptanm dènye kòmanse wè klè. Dènye rapò endepandan kabinè Kroll yo konfime latriye biyè dola liberyen kit e inprime lòt bò dlo pou yon montan 15,5 milyadola liberyen (102 milyon dola ameriken) te efektivman te kontabilize e jere anba kontwòl responsab Bank Santral liberya a.

Antretan, rapò a fè eta de tout yon seri lawouli sistematik ak pwosedi san konte yon pakèt lòt feblès onivo politik fiscal ak defayans dola Liberya a ki egziste eki kontinye ap bay sakad nan bank lan toujou. Rapò kabinè Kroll la kontinye pou-l devwale dout malè pandye sou yon latrye dokuman ki nan zantray Bank Santral Liberya-a.

Share:

Leave a reply