Nòdwès: Bèl rekò! Radio New Star ap fete 30 rekòt kafe

03-09-2019

PODPE__(Triboland) Si wap gade volum radio ki pwan nesans nan Nòdwès, sa sufi ase pou visaj depatman sa-a ta chanje nan tout pwendvi; mwayenan medya sayo konnen devwa yo e wòl vital keyo jwe nan devlopman yon kominote poum pa di yon depatman. Lè yon moun ap dekòtike gril oubyen kontnu pwogramasyon yon latriye radio nan depatman an, yo reyèlman pa peze twòp nan balans developman kominotè. Wi! Genyen yon ti gwoup mal kon mizè ki fè anpil jefò pou pataje info, respekte règ jwèt la, e fè edikasyon pwèske nan tout nivo, sitou onivo sosyal. Pami gwo jefò sayo, nou vle bay yon plas de chwa a “Radio New Star” ki se yon pyone e yon mapou de referans pami plizyè lòt ki arive ofri yon pwogramasyon de kalite ki sène tout nòm ak wòl oubyen misyon yon radio.
Sakrifis, obstak, peripesi, ak depans depi 9 Mas 1989 jiska 9 Mas 2019 sa reyèlman difisil pou esplike. Se vrèman yon rekò a sinyale! Se sèten, “la nature a horreur du vide” pou nou repete apwè Dirèktè Jeneral Radio New Star, Mr. Ernst Francois; sepandan, san “perseverans ou detèminasyon” li difisil pou lanati wè ou e chwazi ou.
Nou tout nan Nòdwès ta swete wè Radio New Star kontinye fè prèv de referans nan fason lap itilize kadran an pou byenèt sosyal kominote ou depatman lap sèvi a. Anplis, panse pou arrive imòtalize yon parèy enstitisyon se ankò atitid yon vizyonè ki ta toujou vle pwan swen zònn lakay li menm apwè depa li sou tè sa. Se apwòch oubyen baz sistematik sa malerezman anpil gwo mapou radio pat arive jete anvan. Sekankans, tou bon bagay yo te konn ap fè moun viv ak apwann disparet paske yo pa la anko! Sa fè anpil kontantma lè ou imòtalize prezans ou nan kite tras kontinite ki itil dèyè!
Lide oubyen efò konsète pou reyèlman dote Nòdwès de yon katriyèm pouvwa ki solid, efikas, respektab e ki kapab pwan an chaj pwoblematik Nòdwès la, se sa Lapwès toujou fè nan tout peyi ki bezwen avanse! Bwavo DJ Francois! Bònn Anivèsè pou ou, staf ou e fanmiy! Trant lane sou kadran an nan yon peyi tankou lakay, se pa mens afè!






