Nòdwès: Komemorasyon Jounen Fanm nan Pase an gran panpan

102
0
Share:

03-08-2019

PODPE___(Triboland) Jounen 8 Mas Entènasyonal Fanm nan te make nan Pòdpè avèk pakèt aktivite kiltirèl makonnen ak lamès ekimenik kite reyini byen bonè nan Katedral Immakile Konsepsyon an yon latriyé asosyasyon fanm nan tout sèktè depatman Nòdwès la. Anplis, te gen yon mach pasifik men poutan ki te pèmèt medamm yo fè pase revandikasyon yo nan lide pou jwenn sa yo ap chèche a.

Video: Jounen Fanm 8 Mas 2019: Kòdonatris depatmantal Fanm Nòdwès, Madanm Ernande Pierre ap bay pwendvi li

Video: Jounen Fanm 8 Mas 2019: Kòdonatris movman “Fanm Rezistans”, Madan Guyto Guillaume ap bay pwendvi li

Toujou nan kad mobilizasyon pou ranfòse revandikasyon ak dwa medamm yo, kòdonatris movman “Fanm Rezistans”, Madan Guyto Guillaume te sezi okasyon an pou te ankouraje tout fanm pou pwan wout edikasyon, konsa yo pap bay zòt okasyon pou itilize yo kòm esklav men kòm egal ego avèk respè sitou nan tout sa ki gen pou wè ak 30% kota-a. Selon kòdonatris la, tout eleman sa yo kapab fasilite ekilib nan sosyete-a, yon ekilib ke yo pap sispann chèche.

Okazyon an te favorab egalman pou responsab òganizasyon fanm sa yo te raple premye Dam peyi Dayiti- a, Martine Moise kòm pitit Nòdwès pou bay dèyèl de tap antan defansè fanm yon fason pou li voye je gade yo e fè yo santi koz sa se koz li tou.

Bò kote pa li, kòdonatris depatmantal Fanm Nòdwès la, Madanm Ernande Pierre te rapouswib pou raple popilasyon an ke komemorasyon jounen fanm 8 Mas la, li mete an koz la pè pwogrè ak developman se zafè tout fanm.

Aprè mach revandikasyon yo, responsab òganizasyon yo te gen chita pale e dine ak diferan enstans ofisyèl yon fason pou fè tande dòleyans yo. Sa ki te enpwesyone moun, se te volonte fanm sa yo te genyen pou yo te visite pwizonye ki nan pwizon sivil deplorab Pòdpè a e bay yon latriye konferans grandyoz sou wòl ak vale fanm nan fen apwè midi atravè site Kapwa Lamò-a.

Share:

Leave a reply