Li te yon bebe ki te pwèske mouri nan lari, jodi-a Cedine Marti yon Ayisyen devni yon skiè entènasyonal

03-16-2019 / Triboland
Pi gwo bagay Ayiti kapab benefisye nan moman twoub sa yo se: yon ti gout fyète ki kapab ede Ayisyen resezi yo nan fason yow è nou deyò. Ki donk, moute fyète peyi li se engajman sa entènastonal skiè Ayisyen Celine Marti pwan nan tout konpetisyon lap patisipe. Marti genyen 39 rekòd kafe, li se ayisyen e manman yon pitit fi, te arive 82èm nan gwo aktivite ski yo epwi mwa pase ki vinn 52èm nan kous World Ski Championships yon minit deryè Mikaela Shiffrin, reyèlman satisfè sou patisipasyon li nan konpetisyon sa a.
Marti ki tap reponn kesyon Lapwès deklare: objektif la pat jàmè pou arive fè siksè nan jwèt “Ski” la, men sitou patisipe nan yon bagay ou renmen, ou gen detèminasyon lè wap fè li, konsa wap kapab konbat advèsite. “Otomatikman ou gen yon rèv, se kouri mete-l an egzekisyon” e “ kòmansman kous la te trè difisil, men lè ou prèske rive nan fen an gen anpil kontantman”; se deklarasyon jèn pwofesyonèl Ayisyen an fè bay youn nan pi gwo chènn televizyon ameriken, CNN.
Marti pwal genyen 40 lane nan mwa Davril. Kèk misyonè te jwenn li ti bebe nan lari an Ayiti. Apwè sa, yon koup nan Jenèv nan peyi Laswis te adopte lè li te genyen nèf mwa malgre yo te konnen Marti pat espere viv lontan. Jènn atlèt la kap travay koulya kòm ofisye polis nan Èpòt Jenèv, adopte yon ti moun pou tèt li tou, Johanna ki gen 10 lane.
Source and Credits: Tribune de Genève






