Ayiti: Bagay yo reyèlman bay kè plen

101
0
Share:

03-16-2019

Nou deplore yon lòt fwa ankò vye foto ki kontinye ap fè rès monn lan konnen ki moun ki ayisyen an. Franchman foto repinyans ak lawont sa a ki entèpele yon fwa ankò konsyans rès monn lan jis nan yon pwen kote ke yap poze tèt yo kesyon eske espès sa a ta dwe fè pati rès monn nan; yon espès ke yo kalifye kòm sanpidè, inyoran, babar, ak dezekilib mantal ki kontinye ap fè pale de yo nan bat rekò nan fè tout sa rès monn lan pa vle wè e tout sa moun fou pap janm arrive fè.

Se konsa, ki lòt tintin anplis Ayiti kapab bay rès monn lan ankò apwè tout dram sa yo ke anpil nan nou ap vann sou tout rezo sosyal yo! Pou yon pèp rive nan yon dimansyon ase ba konsa! Sa reyèlman mande pou kesyone ki sa yo fè li e ki jan de dirijan li te genyen nan pase li, e kòman yo trete-l kòm pèp. Se sèten Tribinal Entènasyonal kont Krim Limanite pap fè travay li; sitou lè ou gade nan pwofondè mizè, krim, prezidan, senate, depite, politisyen raketè ak swadizan boujwa malpwòp lague pèp sa a. Yon manda arestasyon entènasyonal dèyè tout kriminèl kont krim limanite sa yo se pi gwo kado oubyen richès ki kapab resisite Ayiti.

Franchman se yon sitiyasyon kè plwen ak wont pou tout ayisyen menm lè tandans kanibalis la pat janm nan ADN nou kòm pèp. Se reyèlman yon dènye kou ki pou fini avèk nou kòm pèp oubyen kòm peyi. Yon sitiyasyon revoltant, katastwofik ak dezolasyon ki anvayi tout ayisyen oubyen moun ki respekte la dinyite imènn!

Se klè, nou rive nan yon pwen ki yon pwen “pouriti imajinè”; kote ke detwi pwòp zantray ou, pwòp san ou e kanibalize pwòp frè ou, se tou senpleman atitud yon èt bizar e manyak ki soti nan yon lòt planet. Sa ki pi rèd, genyen anpil nan dezekilib mantal sa yo ki kontante yo ap pwomote menm imaj sa-l sa ki konsène yo tout kòm ayisyen. Se sèten, tout lòt peyi nan rès monn nan fè efò pou bay sitwayen yo ti kal edikasyon; yon fason pou ede yo valorize tèt yo ak tout sa ki nan antouraj yo; e pou yo, sou okenn fòm pa vann tèt yo ak dinyite kòm pèp. Yo trè avèti kòm moun!

Anpil nan moun kap degaje foustrasyon nou sou krim sanpidè sa yo, koupab tou e sa blese Ayiti plis toujou pandan yap kontribye pou izole li kòm peyi. Moun sa yo fè tankou yo pa nan destriksyon sa a tou! Ou ka imajine si entènasyonal la ta vle “lock Ayiti pa deyò” pou jiskaske nou pare sosyalman e fè prèv moun ki gen yon ti kal desans, moralite, ak dinyite! Anpil nan nou tap afekte kòm ayisyen nan tout aspè! Se tankou yon enbètè kap fè pwomosyon pou kantite salte li genyen andan lakay li, men salte a pa pou li!. Vizite oubyen konekte avèk yon pakèt rezo sosyal nan lòt peyi; jamè ou pap janm wè yap vann imaj degradan sa yo ki kapab detwi yo kòm pèp. Anfen sa reyèlman mande yon ti edikasyon!

Mezanmi, pou yon lòt fwa ankò fè ti rechèch e edike tèt nou! Chèche konnen kòman sitwayen lòt peyi itilize teknoloji, mobilize e òganize pou kontinye pwezève e vann yon bèl imaj de tout sa kap pase lakay yo, minm lè sa pa pi bon ke sa. Anplis yo valorize sitwayen lakay yo e ranfòse fyète patriyotik yo nan konsolide entè-aksyon moun ak moun e pwomote edikasyon ki se bonjan zouti nan chanjman nenpòt sosyete. Nou poko janm tande ak wè yon pèp kap fè lòt moun konnen a ki pwen li konn detwi pwòp tèt li (oto-swisidè). Se reyèlman katastwofik lè teknoloji tonbe anba men moun ki pa avèti e ki san lisidite mantal. Moun ki fè krim imajinab sa merite jwenn mounen pyès e chase lwen sosyete a; sependan, moun sa pa pi koupab ke moun kap ran kriminèl la sèvis nan pataje foto sa yo kap kontinye detwi Ayiti kòm nasyon.

Jacob Bendallahm

Share:

Leave a reply