Ayiti: Chanm Depite-a depose Premye Minis Jean Henry Ceant pou yon lòt teyàt

100
0
Share:

03-18-2019

Dènye desizyon Chanm Depite Repiblik Dayiti sot pwan pou voye ale gouvènment Premye Minis Jean Henry Ceant an pa fè pèp ayisyen an ni cho ni fwèt; yon pèp ki reyèlman fatigue ak maskarad desen anime sa yo. Se sèl Ayiti pou jwenn kòronpi kap kouri deyè kòronpi. Sependan, “de moun mouye lapli gen yon lòt ki pi tranpe pase lòt.

Nou ka konpwann dirèksyon mounvman Petwo Karibe-a pran an bay anpil nan Depite ak Senatè kòronpi yo vant mennen sitou lè yo konnen nan ki degre ra gagann yo tranpe nan krim avèk kòripsyon. Apwè tout deriv, wont sal, evasion fiscal, abi otorite, vol nan bwàt leta yo enstans Chanm Depite-a ak Sena a trennen peyi a nan labou ke li pa janm konnen avan; se jodi-a yo te gentan vi-n defansè lepèp! Ala kote manjèt pwason sa yo gen odas! Pou kanti domaj nou fè peyi-a nan koutinye finanse e fè konfyolo ak gwoup bandi pou destabilize yon peyi ki pi pòv sou tè a. Nap pale toujou!

Lojik pou voye Mesye Ceant ale-a li chita sou perèz tout kòronpi genyen nan gagòt lajan Petwo Karibe a; e li fèt tou pou pare kou oubyen epole pouvwa-a ki pa menm genyen yon minimòm abilite pou jere yon katye san konte gwo akizasyon kòripsyon sou bwa tèt li. Nen pwan kou, je koule dlo! Se nòmal, ou grate do moun ki grate do-w.

Antouka, malgre tout bagay, Ceant tap toujou kapab ale. Se pwatik tou de entite sayo pou mande chanjman; se lè rekòt la ki rive pou fè yon lòt fòtinn tankou yo te toujou abitye fèl sou plizyè lòt gouvènman abolotcho. Se estrateji pou fè kòb sal ak dilatwa e bay plis okazyon pou rès monn nan reyalize gen moun toujou kap evolye toujou nan epòk pyè taye. Antouka, sinema Chal Oska sa-a, nou wèl deja! Se lè echanj pòs minis ki reve! Bwavo Depite! Bon travay! Nou bouke wè teyàt sa, ban nou yon lòt pito!

Fòk Ceant ta ale, paske li denonse ekip ki tap prepare pou vide-l atè anba bal mèsenè. Fòk li ta ale, paske li genyen yon ti kal konsyans ki estime ke Ayiti pap janm kapab rive pwan yon souf anba kò mafia sa yo kap pase la lwa anbabetiz e redwi peyi-a tankou yon tòchon sal ke rès monn nan pa kapab gade ankò.

Desizyon vote voye nan kanpe lwen Govènman Jean Henry Ceant an, tap reyèlman fè onè peyi-a si se te yon entite ki te genyen ase otorite moral ak konpetans; youn ki pa grenn senk; youn ki ta dwe mache tèt atè lè li rankontre yon malere kap chèche manje nan fatra kwabosal. Finalman, youn ki genyen konsyans epi ki ran kont ke li fè peyi-a plis tò ke tout sa ki te la avan yo, ta dwe pwofite ale ansanm avèk Ceant tou. O! Se tap rejwisans popilè nan tout repiblik la.

Jacob Bendallahm

Share:

Leave a reply