BENGLADÈCH: Omwen 4 moun mouri nan yon mechan dife nan yon gwo gratsyèl nan Daka

DAKA, Bengladèch__ Yon gwo tonton dife eklate jodi Jedi-a nan yon gwo strikti ofis nan Daka, kapital Bengladèch, touye apepwè 4 kretyen vivan e anpetre yon bon vale moun anndan batiman an, selon repòtaj medya yo.
Imaj kap sikile sou dives rezo sosyàl montre gwo papa flanm dife kap layite nan batiman 24 etaj la ki rele F.R. Tower kote ke yon moun te oblije lague tèt li anba. Genyen apepwè disèt inite ponpye ak sèvis pwoteksyon sivil ki mobilize pou kontrekare dife-a ki pat sispann pwopaje nan antouraj batiman an, selon deklarasyon Ofisye Ataur Rahman pou Sèvis Ponpye nan Daka.
Jiska prezan otorite yo poko konnen orijinn gwo dife sa. Sa ki pi rèd, tout tan dife-a tap moute, se tout tan moun yo kip wan nan mera andan batiman an tap kraze vit fenèt yo pou yo rele sekou. Antouka plis pase dives mil moun nan zònn Banani, yon zònn komèsyàl Daka tap fè foto ak videyo.
Daka genyen plis pase 20 milyon moun kap viv ladan; se yon vil ki peple e mouvmante anpil. Mwa dènye, yon gwo dife konsa te eklate nan yon zònn avwazinant pil sou pil nan Daka.
Jakob bendallahm, Triboland
Credit photo: Mahmud Hossain






