Mèksik: Sena Meksik la apwouve yon refòm ki pwal pèmèt yo jije yon prezidan pandan manda-l

102
0
Share:

Mèksiko, Meksiko Siti__(Triboland) Sena Mèksik la apwouve yon refòm konstitisyonel ke prezidan Andrés Manuel López Obrador te pwopoze; lwa sa ki jounen jodi-a pwal pèmèt yo kapab arive jije yon chèf ekzekitif menm lè li nan fonksyon li. Se sa pòt pawòl Asanble Sena-a fè konnen.

Refòm sa li konsène atik 108 ak 111 nan Konstitisyon peyi Mèksik-la. Atik sa yo jwenn apwobasyon majoritè-a; sa vle di li te jwenn aval 111 senatè nan tou de bò yo. Malgre te genyen yon gwo deba avan skrunten ak kritik de yon seri lejislatè nan opozisyon an ki sispèk yon evantyèl kandidati Mesye Andrés Manuel Lòpez Obrador nan pwochen eleksyon yo.

Sispesyon sa yo oblije Lòpez sinye yon deklarasyon devan Lapwès ki ta pwouve dezangajman li nan eleksyon 2024 yo osito manda li bout.

Pandan li tap prezante pwojè lwa sa-a, Prezidan Komisyon Règleman Konstitisyonel yo, Mr. Eduardo Ramirez te fè santi ke se kòmansman an sa; paske refòm sa fèt selon desiderata sitwayen yo ki reyèlman vle fini ak rejim esepsyonel, enpinite kap fasilite kòripsyon lakay politisyen Meksiken yo.

Share:

Leave a reply