Yon Dezyèm pwosè sou pwodwi Roundup la: Monsanto kondane pou-l peye apepwè 81 milyon dola dedomajman

ETAZINI Bayer, ki te achte pwodwi chimik “Roundup” ki abaz glifosat e ki bon pou rache zèb, pwal fè apèl e fè fas avèk plis pase 10,000 pwosedi konsa.
Novo desizyon jidisyè
Yon juri ameriken responsab ran Monsanto ayè Mèkredi-a e kondane pou-l vèse plis pase 81 milyon dola bay yon pansyonè ameriken ki fè kansè ki gen pou wè avèk itilizasyon pwodwi chimik Monsanto-a ki rele “Roundup”, ke konpayi alman Bayer te asosye. Se yon gwo kou pou Bayer, ki deja jwenn kondanasyon-l nan yon pwosè parèy nan mwa Dawou nan peyi Etazini . Bayer deklare ke li desu avèk desizyon juri-a nan yon kominike ke li fè sòti; men estime vèdik sa-a pa chanje nan 40 lane rechèch syantifik ke anpil gwo ajans regulate ki jistifye ke pwodwi chimik glifosat pou detwi vye zèb e yo deklare ke li pa bay kansè. Antouka, gwoup la anonse ke li pwal an apèl!
Domaj ak punisyon
Juri a te konklu ke Monsanto pat aji ak bònn fwa nan pwan mezi preventive ki te ka anpeche moun kap itilize pwodwi sa yo pa riske ekspoze ak kansèjènn ki gen glifosat. Nan ka sa, konpayi-a se pwensipal antite legal ki responsab malad la ki itilize pwodwi “Roundup” la pandan 25 lane. Viktim nan avèk avoka li yo tap kole sere nan sal odyans lan, yo tap souri apwè vèdik la. Juri a estime ke pwodwi “Roundup” la te gen yon pwoblèm konsepsyon, pat gen avètisman sanitè sou risk yo ki reyèlman montre ke Monsanto te trè neglijan.
Pami dedomajman yo, gen 75 milyon dola pou amann pou gwoup sa-a peye pou move kondwit. Semènn pase, se menm juri sa ki te deklare ke “Roundup” se te yon faktè sibstansyèl kansè Edwin Hardeman, ki ouvwi yon dezyèm faz deba yo kit e konsakre sou responsabilite Monsanto.






