Nòdwès: Bèdeènn, yon komenn livwe pou kont li!

98
0
Share:

Abandone e imilye, Bèdeèn, se youn nan komenn ki twouve-l nan Awondisman Molsennikola, depatman Nòdwès, ap fè fas kare ak tout kalte pwoblèm: pa gen wout, pa gen dlo, pa gen lopital kote menm edikasyon an se orabè. Se yon komenn tou ki viv de lanmè mete sou sa, sèl pou moun fè manje, se youn nan pwodiksyon popilasyon Bèdeènn nan; menmlè se ak pwòp teknik pa yo yo rive ekstrè sèl sa-a.

Pri Transpó ant Pòdepè ak Bèdeènn koute 1500 goud alòske lòt zònn yo menm se pa pale e sa ki pi rèd la se sou kabann yo toujou transpòte fanm ansent e moun malad akòz move eta lamantab wout yo selon ansyen majistra komenn Bédeènn nan Msye Darius Etienne ki fè eta de gwo sitiyasyon grangou, mizè ak lavichè ki kontinye ap taye banda nan mitan popilasyon sa akoz Leta sa pa janm sousye de pèp li, nan kreye travay pou-l sa viv yon tijan alèz .

Ansyen majistra komenn nan adrese-l dirèkteman ak chèf lokatè Palè Nasyonal lan Msye Jovenel Moïse pou di-l fè kichòy pou moun Nòdwès ki te vote li malgre-l toujou di li konn reyalite depatman Nòdwès akoz li te viv yon bon bout tan nan depatman an avan-l te prezidan. Popilasyon Bèdeènn an, livwe pou kont li, nan boukannen dlo pou fè bè, kote prezans Leta a prèske pa egziste.

Antouka Bèdeèn fè pati 4 komenn Ba Nòdwès yo ki se Molsennikola, Janrabèl ak Bonbadopolis kote toulèkat komenn sa yo twouve yo nan menm sitiyasyon savle di youn pa pi bon pase lòt.

Wiskis Saint Jean, Triboland

Credit photo: allthecities.com

Share:

Leave a reply