Yon Jij apwouve yon dedomajman legal, $60 milyon pou yon pwosè abi seksyèl sou kèk ti moun ayisyen.

HARTFORD, Connecticut __Yon jij federal nan Eta Connecticut asète fè yon aranjman legal $60 milyon dola vèt ki pawl distribwe avèk 170 moun kit e deklare key o te victim seksyèlman nan anfans yo lòske yo te nan yon lekòl charite an Ayiti men ki aktyèlman pap fonksyone.
Selon avoka ki te sou pouswit jidisyè-a e ki tap travay pou defann ti malere say o kit e sanzabwi e ki te fè pati Projè Lekòl Pierre Toussaint pou plis pase yon dizènn lane, nan fen ane 1990.
Fondatè lekòl-la ki te yon gradye nan Inivèsite Fairfield, Msye Douglas Perlitz gen pou-l pase ven lane dèyè baro akoz ke yo te jwenn li koupab de zak abi seksyèl sou ti chovi yo.
Konsa, pati defans lan ki makònnen ak inivèsite-a san konte lòt òganizasyon ki te konn bay lekòl Ayiti-a anpil bourad finansyè, te chaje akoz neglijans ke yon te afiche nan supèvize Perlizt ak enkonpetans ki te ka anpeche abi seksyèl yo pat rive.






