Selebwasyon jounen mondial timoun yo nan Projè Bè Moustik la

104
0
Share:
TRiboLAND

BÈ MOUSTIK__(TRiboLAND) Jounen 9 Jwen 2019 an se te fèt pou timoun yo nan projè Bè Moustik lan. Nan okasyon an, aktivite se sak pat manke. Yon parèy inisyativ te jwenn sipò Konpasyon Entènasyonal ki asosye ak anpil legliz lokal. Patenarya sa gen pou objèktiv amelyore kondisyon povrete ekstrèm timoun yo ap naje.Te genyen divès pèsonalite ki te reponn prezan pami yo administratè projè-a, Rev. Pastè Wilfrid Michel ki te pwan lapawòl nan sikonstans lan kote li mandé pou paran yo sispann maltrete timoun yo ki se avni ak poto mitan sosyete-a.

Te genyen yon mach pasifik kite òganize avèk plizyè santènn timoun makònen ak jènn tankou granmoun te reponn prezan ak pankat nan men afiche divès revandikasyon tankou: Respekte dwa timoun, timoun pa ti chyen, enstwi timoun yo nan non lesenyè, timoun jodi se granmoun demen. Plizyè paran te pran lapawòl pou fè pase gwo regrè yo genyen paske yo estimé yo konplis nan defèt timoun yo.

Fòk nou soulinye, “Encadrons les enfants” se tèm ki te trete nan jounen sila. Malgré kontrent ekonomik yo ap bay anpil sakad, sepandan pwomès ak detèminasyon pou akonpanye timoun pou yon demen miyò.

Jehrbson Petit, TRiboLAND

Share:

Leave a reply