Pouvwa Jovenel-Lapin (PHTK) a avèk vag pwotestasyon yo ka deklentche yon vyolans jeneralize an Ayiti

98
0
Share:

POTOPWENS__(TRiboLAND) Dènye tansyon sosyal yo montre aklè a ki pwen moun ki pat sipoze arive sou pouvwa pran yon malen plezi pou demontre ke lavi moun pa vo anyen. Ak yon pouvwa ki tèlman akouche bitiz, wont, vyòl, vòl, kòripsyon, egzekisyon some, detounman de fon san konte aktivite gang ak dwòg, li difisil pou jwenn yon pèp sou tè-a asèpte dijere tout inasèptab sa yo. Anplis, ajoute a yon volum krim fiscal ki envòlv yon presidan ki pa menm ka delivre 1% de gouvènabilite.

Ta sanble ke PHTK ta mobilize tout yon fòs represyon kriminèl ak bandi legal ki pa gen ti kal konsyans a mizè enfènal ou soufwans yon pèp ke oken lòt pèp sou la tè pa janm konnen. Krim ki envolv senate, depite, sekrete ou sou-sekretè deta, fo polisye, mèsenè, boujwa neokolonyal ak jounalis vandè mikwo se otan de salte ki revòlte konsyans tout yon popilasyon e ki detèmine fòk li fini ak sistèm peze souse sa.

Konsa, gouvènman an ou rejim PHTK-a ap alimante yon jenosid iminan anndan peyi-a. Mete ou abiye gwoup paralèl anndan enstitisyon PNH la pou elimine moun kap manifeste, se pi gwo desizyon avèg ki ka deklentche yon vyolans jeneralize nan peyi-a! Si moun gade byen, wap wè ke pouvwa-a pa gen absoliman oken abilite pou menm idantifye lè-l nan kriz. Desizyon pouvwa-a de jou an jou ap vinn blèm blèm e banalize; okontrè yo mete andanje vi ak byen tout sipòtè li yo. PHTK ap plonje nan inasèptab nan tout nivo! Sepandan, anpil anjandre-l yo pa swete wè ke sèten sipòtè yo leve kouri (defektye) kite pouvwa-a pou kò-l.

Antouka yon bò, ou gen yon pouvwa ki detèmine pou fè represyon e ki tonbe nan pwòp pyèj ak enkonpetans li, yon lòt bò ou gen tou yon pèp ki rive nan yon dimansyon “mouri” pa vle di anyen pou li, paske se chak jou li wè lanmò nan malnitrisyon, ensatisfaksyon popilè, mizè, kalamite, eksplwatasyon ak enjistis ak de je nawè li! Pèp souveren ta sanble fwa sa yo di ase! Yo pwèt pou asèpte mouri pou yon senp dwa ke yo genyen ki se “Dwa pou moun viv”, “Dwa pou Ayiti sanble menm jan ak nenpòt peyi”, “Dwa pou moun respekte li kòm pèp”!

Nan yon konjonkti politik ki deja make ak san, vi kotidyen paralyze, pèt de vi imènn, manifestasyon ou pwotestasyon Deyò Deyò Nèt (DDN) kap mande demizyon avèk arestasyon yon chèf deta enkilpe, gen anpil sipriz trajik vant mare ki ta sanble deja anonse pou katryèm jounen mobilizasyon yo ki vize pou dechouke yon system kriminèl ki gen alatèt li yon imoral tankou, Jovenel Moise.

Jacob Bendallahm

Share:

Leave a reply